- Neg ki pi pa konn jwe a, se li ki fe gadyen
- Match la fini tout bon le tout neg fatige (eksepte reg 6 la)
- Kelkeswa jan skò a ye, ekip ki fè dènye gòl la genyen
- Pa gen abit
- Gen fot tout bon, si fot la grav
- Si neg ki mèt balon an fache, match la tou fini
- 2 neg ki pi konn jwe yo pa ka nan menm ekip, alos yo chak chwazi jwè ki pou nan ekip yo
- Si yo chwazi w an dènye, ou mèt konnen se ou ki pi mal
- Si gen penalite, yo ranplase gadyen an pa neg ki pi konn jwe a
- Si balon an ale nan zile, neg kit e choute a dwe al cheche balon an.
- Neg ki pi konn jwe a toujou nan ekip met balon an
- Anpil fwa nèg ki mèt balon an pa konn jwe
- Pou yo distenge 2 ekip yo, yon ekip dwe jwe do toutouni
- Neg pa bezwen gen soulye/kranpon pou jwe, e pafwa neg ki pa gen soulye yo pi fò.
KILES NAN BAGAY SA YO OU SONJE LE W T AP JWE BOUL LE W TE TIMOUN? (AJOUTE YON BAGAY NAN SOUVNI FOUTBOL TIMOUN OU KI PA NAN LIS LA EPI KAN W SONJE L SA FE W RI)