Mwen panse anpil ak pwoblem ayiti patikilyèman pwoblem yon jèn ka rankontre. gen yon pwovèb ki di "timoun jodi granmou demen" se yon bèl pwovèb sa vle ou menm ki aje kounye a ann di 50 aje, jèn ke ou ap gade devan w lan la a ki nan kominote a ki pa regle tro gwo choz, pral ranplase w e pran desizyon enpotan nan lavi a ke ou menm pral depann de desizyon sa yo, donk li enpotan pou ou voye je e devan kòz jèn sa yo asire twa bagay nou pral pale de yo la a, entènèt, Kouran, lajan fè pati konba ki konsène w