Travay, se manman siksè. Transfòme chak lide w genyen an aksyon pou w ka vanse pi pre reyisit ou. Dèyè chak siksè, toujou gen anpil sakrifis ki kache. Tout bèl pwojè w yo p ap gen okenn sans san aksyon pou w fè yo ateri. Byen prepare plan w epi aji ak entelijans.
Pa chita di peyi a pa ofriw anyen, toujou chache preparew. Menm jan anpil gran homme dil, yon nan pi gwo envestisman kew ka fe se nan tet ou psk lè pot yo komanse ouvri pou ou kisaw pral di ou genyen kom konpetans.
Nan optik sa SCHEMS ofriw okasyon an jou kap 24 juin jiska 28 juin 2019 nan fòmasyon Marçonnerie chaînée, Construction parasismique. Vin met konesans nan tet ou, vin prepare demen'w kounya.
Prix fòmasyon an se 30$us ou 3000gdes..
PS : Pa bliye🙆🏽♂, nou gen selman 40 plas selman pou fòmasyon an, pye kout pran devan.