Sa Bondye mete sou menm jouk pinga pyès moun separe’l.
Pawol sa a sonen byen lè nou nan yon bèl mariaj pou lavi.
Akôz imperfection, la mort ka dechire maryaj sa a.
Sa di anpil paske anpil koup vle rete ensemb jiska monn nouvo a.
Annou li Lik 20 :27-33
27 Men, gen kèk Sadiseyen, yo menm ki di pa gen rezirèksyon+, ki vin mande l+: 28 “Anseyan, men sa Moyiz te ekri: ‘Si yon gason gen yon frè, epi frè sa a mouri san l pa t gentan gen pitit ak madanm li, li dwe pran madanm nan pou l ka fè pitit avè l pou frè l la+.’ 29 Twouve, te gen sèt frè. Premye a marye, men li mouri san l pa kite pitit. 30 Dezyèm nan marye ak madanm nan epi l mouri. 31 Apre sa, twazyèm nan marye avè l, menm bagay la rive l. Se konsa toule sèt marye avè l, yo mouri san yo pa kite pitit. 32 Alafen, madanm nan mouri tou. 33 Bon, lè rezirèksyon an, madanm kiyès nan yo l ap vin ye? Paske, li te madanm toule sèt.”……….
Vèsè sa yo montre ke nan epôk Jezi a Sadiseyan yo te poze’l yon kesyon sou maryaj leviratic, ki se yon maryaj kote si yon frè mouri, yon frè’l dwe marye ak madam’l li pou li bay frè ki mouri a yon generation
Nou wè klè se yon kesyon pièj pou Jezi paske yo pa kwè nan rezirèksyon.
Epi yo fè maryaj la rive jiska 7 fwa pou yo agrave sitiyasyon an ak madanm lan ki vinn mouri tou.
Nan repons ke Jezi tap pwal bay, eske Jezi tap pale de rezireksyon ki pwal fèt sout è a ?
Vinou li repons Jezi te bay la nan Lik 20 :34-36, annou li.
34 Jezi di yo: “Nan sistèm sa a*, ni gason ni fi marye.35 Men, gason ak fi yo konsidere ki merite pou yo resisite pami mò yo e pou yo gen lavi nan lòt sistèm nan, yo menm yo pap marye+. 36 Anfèt, yo pap ka mouri ankò, paske y ap vin tankou zanj Bondye, e y ap vin pitit Bondye paske y ap resisite.
Repons Jezi te bay la, pendan yon temps, esclav prevwayan an pense se te sou tè a rezirèksyon an ap fèt.
Mwen encourage nou li byen Lik 20 nan etid pèrsonèl,
pou nou ka byen komprann objectif Seyè a et fè recherch sou kompreansyon esclav la bannou ces jours-ci.
Nan vèsè 36 la, Jezi di yo pap mouri ankô lè yo resisité.
Sa vle di lanmô pa gen pouvwa sou yo.
Sa vle di yo gen imôtalite pou yo viv nan syèl la menm jen ak Jezi.
Se pou rezon sa a, yo paka marye et yap tankou zanj nan syel, minm jan ak pitit Bondye yo.
Poukissa Jezi te reponn Sadiseyen yo konsa ?
Nou konan yo pa kwè nan rezirèksyon, nan zanj,
Jezi pat wè li nesesè pou li reponn yo paske yo pat sensè, se mechan yo ye.
Jezi te wè li pi impôtan, Petèt, pou disip li yo aprann la verité sou rezirèksyon ki pwal tann yo et la vie san fin nan syel la.
Se yon bel ezamp pou nou swiv, se bay reponns ki bati.
Lè nou li konteks la Jezi pale de Moyz, de Abraham, Izarak ak Jacob pou li montre moun sa yo toujou nan lespri Jehovah et yap jwenn rezirèksyon sou tè a et se yon transition pawol sadiseyen yo te dakô déjà.
Pou nou fè transition nan epôk nou an, eske moun ki marye kounyeya ki pèdu yon conjoint li ka remarye ?
Eske moun ki pwal resisite a ka remarye nan monn nouvo a?
Nou sot wè pou syel la, pa gen affaire de marye paske Jezi di autrement.
Yap tankou zanj ki nan syel.
Map li pou nou nan 1 Kor 7 :39, li di konsa
39 Yon fi ini ak mari l toutotan mari a vivan+.
Men, si mari l ta vin mouri, li lib pou l marye ak moun li vle, men se sèlman si moun sa a nan Seyè a+.
Wi yon conjwen ka remarye si li vle nan Seyè a kounyeya.
Se yon pwoteksyon li ye.
Se yon desizyon personnel, personne pa gwe critike pyès moun.
Aprè rezireksyon- Pawol Bondye pa bay yon repons direk pou kesyon sa a pou moun ki pwal viv sou tè a.
Déjà sa ka fè nou poze anpil kesyon paske nou ta renmen konn repons la.
Olye pou nap cherché yon repons, kite tout bagay nan main Jehovah paske pawol li di nan Sôm 145:16 li vle pou nou obeissan, nou pwal kontan car Jehovah pral satisfè dezi nou et lap fè nou jwenn sa nou bezwen nan pi bon fason an.