Nan vi sa genyen twa kategori de moun.
1- twazyèm kategori a se yon moun ki panse yon bagay, li di yon lòt bagay diferan ak sa lap panse a. Men'm moun sa li fè yon lòt bagay ki diferan de ni sa li panse a, ni sa li di a. Moun sa Se li ki nan pi ba nivo a. Nou kon'n kwaze moun sa yo, Lè sa yo diw, se yon mafya miche ye, Se yon magouyè, se yon moun men'm Bonjou li diw pa kwè ladann, moun sa yo toujou eseye evite yo nan vi nou. Nou klase moun sa yo nan twazyèm kategori a.
- dezyèm kategori a, se yon moun ki panse yon bagay, li di men'm sa ke li panse a, e li fè yon lòt bagay, nou kon'n kwaze moun sa yo sou wout nou, gen anpil politisyen ki nan kategori sa, Lè yo bezwen pouvwa yo imajine tout bèl bagay, yap fè pwopagan'n bay bèl diskou, fè moun yo bèl pwomès, Lè yo pran pouvwa se yon lòt bagay yo fè. Moun sa yo tou, nou dwe eseye idantifye yo pa rete kote yo, yap kontamine nou. Evite moun sa yo. Nou klase yo nan dezyèm pozisyon nan klasman an.
- premye kategori a se yon moun ki panse yon bagay ki dil, e ki reyalizel, moun sa yo pa anpil. Men Ou toujou jwen'n yo apa, yo pa renmen pran desizyon, Si Ou wè yo pran yon desizyon yap kanpe dèyèl, lè yo diw yo avèw yo pap baw manti, moun sa yo sensè nan tout sa yap fè. Yo PA kite sosyete a enfliyanse Yo. Yo toujou trè pozitif nan tout sa yap fè. Moun sa yo Se yo ki nan premye klas LA. Eseye chita fè yon ti vizyone laviw gade nan ki klasman ke ou ye. Siw nan twazyèm nan pa Bay tèt ou pwoblèm pou sa eseye travay sou tèt ou. Toujou eseye amelyore konpòtmanw, eseye vini pi sibtil, ou vle laviw chanje ouvle viv pi byen. Travay sou tèt Ou. Siw chanje, se Deja yon gwo PA. Nou tout ta sipoze nan premye klasman an. Gade ki pozisyon nou travay sou tèt nou. @Rooby-chery