Bonjou/Bonswa
Jan nou toujou chèche bon jan enfòmasyon sou plizyè sijè tankou: biznis ak opòtinite ekonomik/fininansye pou tout manm CAPPA/SANFIL yo. Nou jwenn yon enfòmasyon ki kapab pwotejew si ou ta vle antre nan sistèm ki rele MANDALA a. Si ou ta gen tan antre e ou santi ou ka viktim tout bon vre, ou bezwen reflechiman ankò pouw konnen si wap mande yo remèt ou kòb ou a pouw retire kòw/tèt ou prese prese. Anplis, si ou pat ko janm tande pale de sistèm MANDALA a, tanpri pwofite byen enfòmew ak tout moun nan antouraj ou. Tanpri Al li plis detay sou lyen sa: 👉🏿 https://www.capital.fr/votre-argent/pyramide-de-ponzi-le-butin-faramineux-que-continuent-damasser-les-escrocs-1294992
Sitèm MANDALA a se yon fwod piramidal, ki te fè, ki ap fè e ki pral fè anpil viktim/dega an Ayiti. Videyo YouTube pi ba a, pale de sa, pou ouvri je tout moun ki konn analize ak koute konsèy, pou ta genyen mwens viktim pi devan nan peyi a. Souple al gade videyo sa san pèdi tan: 👉🏿
Lèw fin gade ak konprann enfòmasyon yo tanpri pataje avèk nou Kijan ou konprann mesaj CAPPA a sou dosye MANDALA a, kisa ki pozitif ak kisa ki merite amelyore nan mesaj la?
Malè avèti pa kreve je moun ki wè klè.
Crypthomax