Mwen Renmen Ayiti, rezon an senp se paske mwen gen kouzen ak kouzinn, matant ak tonton lwen ou pre, zanmi, ki ap viv an Ayiti, an senp mo mwen renmen mounn, pa nature la, bèl pyebwa, bon manje, ak bèl rivyè yo, bèl plaj tout sa yo pa vo anyen si nou menm Jèn pa p viv nan kondisyon moun dwe viv. mwen rayi politik dayè mwen pa menm konprann sa yo rele konsa. Si ou ap li atik sa e ou an ayiti ou ka pètèr yon zanmi ou yon fanmi pou mwen men kèlke swa sa ye pou mwen nan yon sans ou yon lòt mwen kontan ou pran tan pou li atik sa a, Ki sa ou pral aprann nan atik sa a ak lòt seri konsa ke map kontinye ekri? Fason pou devlope imajinasyon e wè posibilite pou vinn yon antreprenè, e kontinye gen espwa. Ki atitid ou ta dwe genyen tout pandan wap fè lekti sa? Premyeman pa eseye ap rezone sou sa wap li yo, men itilize imajinasyon, pran nòt pou fè rechèch, kontribye ak nou nan sans sa a lè ekri komantè anba atik yo, eksprime limitasyon ou genyen men fè sa yon fason ki klè, pou sa pa parèt kòm yon kòmantè negatif. Nap pase anpil tan ap kòmante sou yon sijè anvan nou ekri yon lòt sijè. envite lòt zanmi rejwenn Steemit.com pou kontinye deba a (li atik sa a pou ouvri yon kont klike steemit pou konprann ki steemit ye li atik sa a ki sa steemit ye kounye a rejwenn nou nan kòmantè anba atik sa a. e map nou konnen gen yon challenge sa vle di defi nan sans pozitif ke mete sou pye pou pèmèt steemit avanse an ayiti an nou tout rejwenn challenge sa a, merci pou tan ou