Nan nenpot kotem ye map prezantel paskel se fyetem em se pitit li mwen kontan paskem se ayisyen mwen renmen fe design esak fem fel ak kole drapo peyim nom atis mwen se Toogeedesign
Yeux ou se li ki tout ou san li ou pap ka fe anyen nan monde sa di Bondye mesi paske ou genyen li et wap sevi avek li san pwoblem , sa vle di Yeux mwen reprezante peyim , mwen ap gade tout sa kap pase nan lot pays avel , epi mwen patage li ak zanmim , fanmim ayisyen
mwen soti potoprens , mwen fet lopital general , mwen konn al pase vakans jeremi , okay , men mwen plus pase tout laj mwen potoprens ,
Mwen tap viv kafou , men kounya map viv belvil mwen toujou al lekol mwen renmen teknoloji mwen poko janm pati , laj mwen se 24 ans li pas anpil menm swete viv plus toujou
Kafou se lap leve , se lam grandi mwen renmen li menm le moun yo di neg kafou se blofe , men pa tout pep kfou son ti pep ki renmen plezi , e son pep ki gen tet ansanm
Jeremi la wap pi fo powet ki gen talan et ki renmen moun , ki bay moun impotans ,yo toujou la pou edew nan nenpot bagay , yo pre pou soutniw men yo toujou pre tou pou manjew , ni few fou , chak gen respe pou lot , depiw respekte tet ou wap jwenn respe nan men tout moun
Belvil son zonn rezidensyel ki sou route de frere sou petion-ville ki trankil , moun yo vivre san plenyen , plen bel kay la tankou se New York menm le mpoko al la :) moun yo gen tet ansanm chak le fet nou fete andan an ak respe men
Nap vivre , ou menm ki ayisyen lew al nan lot pays pa rete chita lotbo a jiskaske ou mouri , se al aprann on bagay epi tounnen vinn patagel ak nou se konsa yo fel , pa pran pays etranje pou pays nou , se haiti ou fet menm le pa gen securite pa gen menm foksyonman se vini paske pays ya se nou ki pou changel tet ansanm kap fel change Merci